Flushing Hospital Medical Center angaje li nan bay chak timoun pi bon swen posib epi pou asire ke ou, kòm pwotektè ak moun prensipal ki responsab swen timoun ou an, gen garanti sou kèk dwa ak libète. Flushing Hospital wè chak paran ak gadyen legal kòm yon manm presye ekip swen sante a epi ankouraje ou pou pale ak anplwaye LOPITAL la sou swen timoun ou an.

Deklarasyon sou Dwa Paran nan Flushing Hospital, anplis « Deklarasyon sou Dwa Pasyan », etabli dwa pasyan yo, paran minè yo, gadyen legal yo oswa lòt moun ki gen otorite pou pran desizyon pou kèk pwoteksyon minimòm ke règleman ki reji disposisyon pou swen nan lopital Eta New York egzije.

Deklarasyon sou Dwa Paran nan Flushing Hospital sijè a lwa ak règleman ki reji konfidansyalite, epi ap an vigè si yo resevwa pitit ou a nan lopital la oswa pandan yon konsiltasyon nan sal ijans la.

Kòm paran, gadyen legal oswa moun ki gen otorite pou pran desizyon pou yon pasyan kap resevwa swen nan lopital sa, ou gen dwa, an akò ak lalwa, ak sa ki anba yo :

  • Pou yo mande ou non founisè swen prensipal timoun ou an epi gen enfòmasyon sa a ki fè pati dosye medikal timoun ou an.
  • Yon anviwonman ki gen yon ekip kalifye e ki gen konpetans epi avèk ekipman apwopriye pou bezwen patikilye timoun ou yo.
  • Nan mezi posib, konsidere bezwen sante ak sekirite timoun ou an, omwen yon paran oswa gadyen legal kapab rete ak timoun ou pandan tout tan an.
  • Pou yon doktè, asistan doktè, enfimyè ki abitye ak kondisyon timoun ou an prezante a, revize tout rezilta tès yo ki te fèt pandan admisyon timoun ou an oswa pandan konsiltasyon nan sal ijans la.
  • Pou yo pa bay timoun ou an egzeyat nan lopital nou an oswa sal ijans la jiskaske tout tès ke yo atann ki ta ka bay rezilta ki gen yon enpòtans kritik revize pa yon doktè, asistan doktè, ak/oswa enfimyè epi kominike ak ou menm oswa lòt moun ki gen pou pran desizyon, epi ak timoun ou an, si apwopriye. Rezilta ki gen enpòtans kritik yo se rezilta ki montre gen menas sou lavi oswa ki gen yon kondisyon trè enpòtan ki mande atansyon medikal imedyat.
  • Pou yo pa bay timoun ou an egzeyat nan lopital nou an oswa sal ijans la jiskaske ou menm oswa timoun ou an, si apwopriye, resevwa yon plan egzeyat ekri, ki ap kominike vèbalman tou ak ou menm epi ak timoun ou an oswa lòt moun kap pran desizyon medikal. Plan egzeyat ekri sa ap idantifye espesyalman nenpòt ki rezilta laboratwa enpòtan oswa tès dyagnostik ki te òdone pandan tan timoun ou an te fè a epi kap idantifye nenpòt lòt tès ki pa te finalize.
  • Pou ba ou rezilta ki gen enpòtans kritik epi plan egzeyat pou timoun ou an nan yon fason ki garanti ou ak rezon, timoun ou an (si apwopriye), oswa lòt moun kap pran desizyon medikal konprann enfòmasyon sou sante ke yo bay la pou kapab pran desizyon sou sante ki apwopriye yo.
  • Pou founisè swen prensipal timoun ou an, si Flushing Hospital konnen li, pou li jwenn tout rezilta laboratwa an rapò ak ospitalizasyon sa oswa konsiltasyon nan sal ijans la.
  • Dwa pou mande enfòmasyon konsènan dyagnostik oswa dyagnostik posib yo ki te konsidere pandan moman swen an ak konplikasyon ki ta ka devlope epitou enfòmasyon konsènan nenpòt kontak ki te fèt ak founisè swen prensipal timoun ou an.
  • Dwa pou jwenn, lè yo bay timoun an egzeyat nan lopital la oswa depatman ijans la, yon nimewo telefòn ke ou kapab rele pou jwenn konsèy nan ka gen konplikasyon oswa kesyon konsènan kondisyon timoun ou an.