Flushing Hospital Medical Center entèdi diskriminasyon ki chita sou ras, koulè, relijyon, sèks, laj, enfòmasyon jenetik, andikap, orijin nasyonal, desandans, oryantasyon seksyèl, idantite ak ekspresyon seksyèl, preferans pou pronon, kondisyon matrimonyal, kondisyon parantal, kondisyon liberasyon veteran ak/oswa militè, kondisyon sitwayènte, ak/oswa nenpòt lòt kondisyon pwoteje.

Flushing Hospital Medical Center:

Bay èd ak sèvis gratis bay moun ki gen andikap pou kominike byen avèk founisè yo, tankou:

  • Entèpret kalifye pou Langaj Siy Ameriken
  • Enfòmasyon alekri ki nan lòt fòma (gwo karaktè, odyo, fòma elektwonik ki aksesib, lòt fòma)

Bay sèvis pou lang gratis a moun kote angle se pa lang prensipal yo, tankou:

  • Entèprèt medikal kalifye
  • Enfòmasyon ki ekri nan lòt lang

Si ou bezwen sèvis sa yo, kontakte founisè ou oswa kontakte Pwogram Èd pou Lang (Language Assistance Program) nan 718-206-8671 oswa pa imèl; LAP@jhmc.org.

Si ou panse ke Flushing Hospital Medical Center echwe nan bay sèvis sa yo oswa fè diskriminasyon nan yon lòt fason, ki chita sou ras, relijyon, koulè, orijin nasyonal, laj, andikap, sèks, idantite seksyèl ak oryantasyon seksyèl, ou kapab depoze yon plent nan Office of Patient Advocacy, pa telefòn nan 718-670-5386, an pèsòn nan 4500 Parsons Blvd, 1982 Bldg., 1st Fl, Flushing, NY 11355, oswa pa imèl nan PatientAdvocacy.Flushing@jhmc.org . Si ou bezwen èd pou depoze yon plent, gen yon avoka nan Patient Advocate ki disponib pou ede ou. Ou kapab depoze yon plent pou dwa sivil tou nan

U.S. Department of Health and Human Services

, Office for Civil Rights, elektwonikman atravè pòtay Office for Civil Rights Complaint, ki disponib sou https://ocrportal.hhs.gov/ocr/portal/lobby.jsf, owa pa kourye oswa telefòn nan:

 

U.S. Department of Health and Human Services

200 Independence Avenue, SW Room 509F, HHH Building

Washington, D.C. 20201

1-800-368-1019, 1-800-537-7697 (TDD)

Fòmilè pou plent yo disponib sou https://www.hhs.gov/ocr/office/file/index.html.